##Priyè pou Ayyám-i-Há
*Li ta kòrèk pou pèp Bahá a, pandan tout jou [Ayyám-i-Há] sa yo, fè kè yo ak kè fanmi yo kontan, anplis mete lajwa nan kè malerè yo ak moun ki nan nesesite yo, epi, avèk jwa ak anpil kontantman, louwe ak glorifye Senyè yo, chante lwanj pou Li epi bay onè pou Non Li; e lè jou pataj sa yo gen tan fini - jou ki vin anvan jou pou disipline tèt nou yo, se pou yo antre nan Jèn nan. Sa a se lòd Senyè Ki pou tout limanite te bay.
*… lè lòm fè priyè obligatwa a ak jèn nan, yo ede li konprann e yo reveye li, epi yo ede li jwenn sekirite e yo pwoteje li kont eprèv yo.
Bondye mwen, Dife mwen ak Limyè mwen! O Ou menm Ki Wa tout Non yo, jou Ou yo Ou te rele Ayyám-i-Há gen tan kòmanse, e Plim Ou Ki Pi Egzalte a te bay tout sa yo ki viv nan wayòm kreyasyon Ou an lòd pou yo swiv jou Jèn yo k’ap rive a. Mwen sipliye Ou, O Senyè mwen, poutèt jou sa yo e poutèt tout moun ki te kenbe kòd kòmandman Ou yo pandan epòk sa a, e ki te rale manch lwa Ou yo, mwen sipliye Ou pou Ou ta pèmèt chak nanm jwenn yon kote anndan lakou Ou, ak yon plas pou li ta chita devan revelasyon limyè ki soti nan figi briyan Ou an.
O Senyè mwen! Sila a yo se sèvitè Ou ki pa t’ kite okenn move dezi separe yo ak sa Ou te voye desann pou yo nan Liv Ou a. Yo te bese tèt yo devan Koz Ou a, e yo te resevwa Liv Ou a avèk yon fèm desizyon ki soti nan Ou menm. Yo te fè sa Ou te mande yo fè, e yo deside swiv lwa Ou te voye desann yo.
Ou wè, O Senyè mwen, jan yo te rekonèt epi asepte tout sa Ou te revele nan Ekri Ou yo. Kite yo bwè nan men gras Ou, O Senyè mwen, dlo etènite Ou a. Epi, ekri pou yo rekonpans Ou te chwazi pou moun ki te plonje nan lanmè prezans Ou an - moun ki te rive jwenn vrè bwason diven Ou te chwazi a ki soti nan rankont avèk Ou menm.
Mwen priye Ou fò, O Ou menm Ki Wa pou tout wa yo, Sila a Ki Gen Pitye pou tout moun ki sibi enjistis yo, pou sere pou yo sa ki bon nan lemonn sa a ak nan lòt mond k’ap vini an. Anplis, ekri pou yo sa okenn nan kreyati Ou yo pa te janm dekouvri, epi konte yo pami moun ki te antoure Ou, e ki te viv pre twòn Ou an nan chak mond pami tout mond Ou yo.
An verite, Ou se Toupisan an, Ki Konnen Tout Bagay, Ki Gen Tout Sajès.
- `Abdu'l-Bahá